Mouvman pou Defann Dwa ak Enterè Pèp Ayisyen
Lòt rechèch nou fè ankò montre nou tout òganizasyon oubyen konpayi ki dire lontan e ki fè anpil pwogrè toujou fonksyone an ekip. Nou tout konnen byen tout gwo konpayi fè anpil sikse se modèl lidèchip kolektif la yo adopte e aplike. Sa vle di se pa yon sèl moun k ap pran tout desizyon yo; se yon ekip k ap panse e ki aji selon regleman fonksyònman òganizayon oubyen konpayi a. Nan modèl lidèchip kolektif la pa gen chèf; chak moun genyen responsablite pa yo. Pou modèl lidèchip sa a bay bon rezilta, misyon òganizasyon an ak objektif li yo dwe klè nan tèt tout moun ki konsène yo. Manm yo dwe respekte tout prensip òganizasyon an, epi pran angajman pou yo yon mete yo an pratik. Konsènan reponsablite yo nan òganizasyon an, tout dwe baze sou disponiblite, kapasite ak konpetans manm yo pou yo fè òganizasyon oubyen mouvman politik la akonpli misyon ak objektif li yo ni nan bon, ni nan move tan.
Avantaj lidèchip kolektif
1. Tout moun ap travay ansanm pou rive nan menm destinasyon;
2. Chak moun gen reponsablite pa yo;
3. Tout moun santi òganizasyon an se afè pa yo
4. Youn ede lòt;
5. Youn veye pou lòt;
6. Youn respekte lòt;
7. Menm si youn ou plizyè manm pa la, òganizasyon an toujou kontinye fonksyone;
8. Pa gen pi gran, pa gen pi piti;
9. Sa pèmèt òganizayon an toujou gen anpil resous
10. Se brase ide ansanm epi fè aktivite yo ansanm:
11. Tout moun travay epi rekolte ansanm;
12. Òganizasyon an toujou bay fè anpil siksè ki etone tout moun.